17 oktòb : Pou lapè ak chanjman, Minis kap tavay sou koze sitwayènte ak patriyotis lan mande pou n pran Dessalines kòm modèl

17 oktòb : Pou lapè ak chanjman, Minis kap tavay sou koze sitwayènte ak patriyotis lan mande pou n pran Dessalines kòm modèl

Pòtoprens, samdi 17 oktòb 2020

Nòt Biwo Minis delege k ap travay bò kot Premye Minis lan nan koze sitwayènte ak patriyotis lan nan okozyon komemorasyon 214 lane lanmò Papa Dessalines

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

Biwo Minis delege k ap travay bò kot Premye Minis lan nan koze sitwayènte ak patriyotis lan salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen an. Yon pèp vanyan ki pa janm bouke goumen, enplike ak travay pou pèmèt peyi l jwenn ray pou bon jan devlopman dirab ak estabilite.

Jodi a fè jou pou jou, dat pou dat, 214 lane depi fòs fènwa yo melanje ak fòs ki pa vle chanjman yo te rive mete bout nan lavi papa nanchon an, Jean-Jacques Dessalines. Zak sasinay san parèy sila a pat wete lavi yon gran gason sèlman, men li te pote ale tou yon pwojè ki te chita sou jistis sosyal, bon jan devlopman ekonomik ak sovgad souverènte nasyonal lan.

Depi jou sa a, peyi nou ap navige nan lamizè, enstabilite ak nan chire pit youn ak lòt. Tout move konpòtman sa yo pa pote anyen pou pèp ayisyen an. Okontrè, yo mete n sou bak, plonje n nan twou epi pase anba pye tout senbòl istorik nou yo. Se ta tankou peyi n makònen ak sou devlopman.

Nan menm sans sa a, 214 lane aprè, se prèske menm refren an k ap repete tanzantan: wete kò w, ban m mete kò m. Li lè li tan pou nou konprann pratik sa yo fè nou lèd epi afebli n nan je lòt nasyon. Nan jounen espesyal ak istorik sa a, kote Leta a ap fè gwo jefò, sitou nan koze goud lan k ap pran valè, limyè k ap mete nan anpil kote nan peyi an, wout k ap fèt ak repare, gaz lan ki desann, san konte pri pwodwi premye nesesite yo ki ap konnen gwo bès sou mache lokal lan, li mande yon gwo koudakoud kote tout pitit peyi an, kit sa ki isit, kit sa ki lòt bò dlo, pou mete tèt yo ansanm pou wete peyi nou nan enpas difisil sa a li ye an. Pou nou sòti la a, sa a mande volonte, depasman, tolerans, patriyotis, sakrifis ak lespri tèt ansanm.

Menm jan Prezidan Repiblik lan, SEM Jovenel Moïse ak Premye Minis lan, Mesye Joseph Jouthe, toujou ap pwone l: okenn sakrifis pa twò piti pou n sove Ayiti. An n pran kòm egzanp papa nanchon an, sa k ap pèmèt tout gwoup, tout sektè, tout idewoloji mete tèt yo ansanm pou n fè yon lòt kongrè ki pou pèmèt nou defini yon fòmil tou nèf, san eksklizyon ki pou mete Ayiti sou vrè wout chanjman an.

Pou fini, Biwo Minis delege k ap travay bò kot Premye Minis lan nan koze sitwayènte ak patriyotis lan ap salye memwa Anperè Jean Jacques Dessalines, epi pwofite, nan non tout Administrasyon Moïse-Jouthe lan, envite tout pèp ayisyen an, nan okazyon istorik sa a nan refleksyon ak meditasyon sou gwo pwojè papa nanchon an te gen pou peyi an, epi defini ansanm fòmil k ap ede n vanse pi douvan ak tèt nou byen dwat.

                   -FEN-

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *