Affaire Marie-Raphaëlle : l’ex-compagnon de la journaliste s’explique

Affaire Marie-Raphaëlle : l’ex-compagnon de la journaliste s’explique

Des photos intimes de la très respectée journaliste Marie-Raphaëlle Pierre ont fait le “buzz” sur les réseaux sociaux. Consternée, la directrice de la salle des nouvelles de Radio Ibo a vite fait d’accuser son ex-compagnon Daniel St-Cyr d’orchestrer contre elle une campagne de dénigrement et d’assassinat de caractère, n’étant pas pouvoir digérer la rupture.

Ayant lu l’article publié sur Haïti 24 à ce sujet, M. St-Cyr a fait valoir son droit de réponse. Nous publions ci-dessous ses propos.

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

Reyaksyon kont akizasyon Jounalis Marie Raphaelle Pierre.

Pandan 5 lané ki sot pase yo, mwen ak Marie Raphaelle Pierre te genyin yon relasyon santimantal, amourez. 5 bèl lané ak yon moun espesyal, yon moun ekstraòdinè, yon moun mwen renmen anpil, map toujou renmen. Mwen tris anpil lèm aprann nan yon pos sou paj Facebook Marie Raphaelle Pierre, Rapha, foto entim li ap sikile sou rezo sosyo yo. Mwen denonse ak tout fòs nenpòt moun ki ta fè zak malonèt ak kondanab sa, ki ta gen pou objektif sal repitasyon Marie Raphaelle Pierre ak mwen. Map pote yon demanti fòmèl kont tout enplikasyon mwen nan zak malonèt sa. Mwen pataje lapenn Marie Raphaelle Pierre nan moman difisil sa. Mwen voye tout sipò mwen ba ou Rapha. Mwen panse ak pitit Fi li, Raphaella D’Jane Louis, nan moman difisil sa, mwen te toujou trete li tankou pitit mwen. Depi anviwon 7 mwa,Marie Raphaelle Pierre ak mwen pa gen relasyon santimantal ankò. Mwen pat konsève foto sa yo ankò nan telefòn mwen. Li posib pou Marie Raphaelle Pierre te toujou gen foto sa yo nan telefòn pa’l. Sou baz sa Mwen espere Marie Raphaelle Pierre ap bay enstans konsène yo tan pou fè retabli verité sou kote foto yo soti ak moun ki dèyè zak malonèt sa. Mwen konprann li pa fasil pou kontwole emosyon nan moman difisil konsa, mwen ankouraje Madame Pierre pou’l resezi li, pou’l pa kite kòlè ak emosyon fè’l ranplase entans ki konsène, ki la pou fè jayi verité sou ki moun ki fè zak malonèt sa. Pou’l pap eseye fè tèt li jistis nan voye akizasyon san prèv, ak itilize pouvwa li kòm jounalis pou enfliyanse lopinyon piblik. Mwen pa janm fè Marie Raphaelle Pierre ak pitit li menas, mwen renmen yo anpil yo konn sa. Mwen te toujou trete yo ak lanmou ak respè. Lè nou te fèk kite pat gen menas, poukisa se 7 mwa aprè? Dènye fwa mwen pale ak pitit Fi Marie Raphaelle, ki se Raphaella D’Jane Louis, se te nan dat 22 Avril, jou anivèsè mwen. Se te yon bèl konvèzasyon ant Papa ak Pitit. Mwen te toujou kontinye sipòte li ekonomikman chak mwa, pandan li nan Florida, malgre mwen ak Manman li pat gen relasyon ankò, yon fason pou montre nou lanmou mwen pou li.

7 mwa aprè nou pa ansanm, Marie Raphaelle Pierre gen relasyon santimantal ak yon lòt moun ki se yon mesye marye. Mwen aprann li ta sanble se Madanm nouvo patnè Madame Pierre ki ta jwen foto sa yo sou telefòn mari’l ki ta deside pataje yo sou rezo sosyo, pou vanje Marie Raphaelle. Mesye marye map pale a se yon moun laprès, li travay pou yon ajans ki baze Ayiti ki sou entènèt, Marie Raphaelle ekri tou pou menm media an liy sa ki rele Juno7, tout atik li yo siyen MRP. Lòt kote, tout moun konnen pozisyon kritik mwen toujou pran sou Facebook kont yon pati nan laprès ak kont pouvwa phtk. Mwen aprann se ta nouvo patnè santimantal Marie Raphaelle Pierre, ki travay pou menm ajans an liy ak li, Jounalis la rele Augustin, lè li aprann Madame Pierre te gen relasyon santimantal ak mwen, li jwen foto yo nan telefòn li, pataje yo sou rezo sosyo, epi manipile Marie Raphaelle Pierre nan fè’l kwê se mwen ki dèyè zak malonèt sa pou denonse mwen, yon fason pou vanje’m pou pozisyon kritik mwen toujou genyin kont yon pati nan laprès ak kont pouvwa phtk. Mwen espere nap konn verité nan son klòch sa yo. Mwen ak Marie Raphaelle konnen anpil bèl moman pandan 5 lané, anpil bèl souvni, nou konbat ansanm pandan 5 lané sektè kowonpi nan laprès, sa pa tap posib san sipò ak kolaborasyon Marie Raphaelle Pierre. Pou tout bon moman sa yo map toujou renmen’w anpil Marie Raphaelle Pierre, Rapha, janm te konn rele’w. Mwen espere tout sak bon pou ou nan lavi’w. Map kontinye kwê nan valè ak respè dwa Fanm. Mwen espere Bondye ap kontinye beni’w. Map mete an gad tout noun ki pral eseye pran woulib nan moman difisil Madame Pierre ap travèse pou regle kont politik yo ak mwen.

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *