Des artistes haïtiens attentifs aux revendications de la population

Des artistes haïtiens attentifs aux revendications de la population

Dans une note qui circule sur les réseaux sociaux, certains artistes se montrent solidaires des revendications de la population. Ces artistes ont analysé la crise socio-économique et politique à laquelle fait face le pays depuis un certain temps. Ils dénoncent la corruption et l’impunité comme les deux principaux problèmes du pays.

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

Ils ont fait remarquer dans ce communiqué que les manifestants qui gagnent les rues ne réclament que du changement par rapport à un système inégalitaire et anti-peuple. Ils saluent le courage de la population qui ont décidé de dire non à un gouvernement corrompu.

Les artistes dont Jean Herard Richard (ritchi), Arly Lariviere,Junior bonheur , Misty Jean, Ricky Juste,Daniel Fils aimé( tonton bicha) plaident en faveur d’une autre forme de gouvernance visant à améliorer les conditions de vie de la population.

(Ci-dessous, l’intégralité de la note de la coalition des artistes haïtiens sur la conjoncture socio-économique et politique du pays)

KOMINIKE POU LAPRÈS
Pozisyon Atis Ayisyen Yo Sou Konjonkti Sosyal, Politik ak Ekonomik K ap Brase Bil Peyi A

Pòtoprens, 29 sektanm 2019.- Nou menm atis, ki reyini anndan “Kowalisyon Atis Ayisyen”, epi soti nan zantray popilasyon an, salye kouraj pèp ayisyen an, patikilyèman jenès la, ki deside leve kanpe pou rele anmwey kont yon sistèm politik ak ekonomik k ap detwi rèv li chak jou k ap pase. Yon sistèm peze souse ki kanpe dan di pou aneyanti espwa l antanke pèp ki gen yon bèl listwa.

Depi kèk tan, atis yo remake sitiyasyon peyi a ap degringole ak tout boulin. Antanke ayisyen otantik, se ak anpil lapenn atis yo ap konstate kantite moun k ap pran lari pou di yo bouke ak grangou, ensekirite, chomaj, eksklizyon sosyal, koripsyon, batay pou pouvwa elatriye. Jounen jodia, pèsonn pa ka ap fè mawonaj fas ak responsablite yo chak genyen devan yon peyi ki rele n chè mèt, chè mètrès men k ap depafini nan yon kriz sosyal, politik ak ekonomik depi plizyè mwa.

Aprè plizyè chita pale pou analize sitiyasyon an nan tèt frèt, “Kowalisyon Atis Ayisyen”yo, menm jan ak anpil lòt sektè nan vi nasyonal la, idantifye KORIPSYON ak ENPINITE antanke prensipal kansè kap wonje peyi a.

Atis yo reyalize se 2 eleman sa yo ki mete peyi a nan eta malouk li ye a, kote anpil pitit li ap kouri kite l pou al chache lavi miyò lòt bò dlo. Youn nan pi gwo prèv manifestasyon koupe fache pèp la ak kansè sa a, se leve kanpe nasyonal kont operasyon dilapidasyon fon « PETROCARIBE » a ki te destine pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.
Atis yo te pran tan pou reflechi, koute lòt grandèt ki gen eksperyans avan yo pran yon pozisyon sou konjkti a. Rekil sa a ki te nesesè paske li ede atis yo reyalize konbyen li ijan pou kat la rebwase paske popilasyon an pa kapab soufri ankò.
Li lè li tan pou tout aktè politik yo, reyalize yo tout echwe e popilasyon an pa wè chanjman l ap chache a bò kote yo. Li lè, li tan pou richès peyi a sispann sèvi yon sèl kategori moun. Li lè, li tan pou sosyete sivil la jwe wòl li kòmsadwa nan patisipe nan devlopman peyi a ki sou wout pou l disparèt. Li lè, li tan pou majorite ki pè pale a pran desten l an men nan anpeche yon seri politisyen kowonpi, san vizyon ni etik kontinye akapare pouvwa pou anrichi tèt yo. Li lè, li tan pou yon lòt kategori lidè pran tèt peyi a pou defini, nan inite ak tèt poze, yon pwojè sosyete vyab ki vize byennèt chak ayisyen menm jan papa Dessalines te swete l la.

Nan sans a, “Kowalisyon Atis Ayisyen” yo deside pran pozisyon bò kote pèp la k ap mande yon lòt fòm leta ki chita sou jistis sosyal, kote se moun ki kapab e ki pat gen men yo tranpe nan vye zafè pandan 30 dènye ane yo ki dwe pran tèt peyi a.
Ayiti tou nèf sa a, Atis yo kwè li dwe kòmanse ak reyalizasyon pwosè PETROCARIBE a ki pral senbòl pou pèp ayisyen an koupe fache ak koripsyon, enpinite epi politisyen abolotcho.
“Kowalisyon Atis Ayisyen” yo ap renouvle angagjman yo pou kanpe bò kote pèp la jouk mayi mi, jiskaske Pwosè PetroCaribe a fèt, koupab pran kòd epi Leta tou nèf nou vle a rebay peyi nou an yon lòt eskanp figi.

Ayiti se pou nou tout. Aba koripsyon. Aba Enpinite. Viv yon Ayiti tou nèf!
Siyati:
1.- Lord Kinomorsa Divers ( king Kino ), 2.- Ricky Juste, 3.- Kenny F Desmanges, 4.- Telfort Stevenson ( Atros), 5.- Jean Leonard Tout-puissant (Izolan), 6.- Joseph Zenny Junior, 7.- Jean Herard Richard (Richy), 8.- Daniel Fils Aimé (Tonton Bicha), 9.- Patrick Handal, 10.- Misty Jean,11.- Eders Stanis (Pipo), 12.- Roberto Pierre Paul( Berto Bel Plezi), 13.- Fredo (Kanpèch), 14.- Junior Bonheur, 15.- Donald Joseph(FreshLa), 16.- Ernst Vincent, 17.- Theo Jadotte, 18.- James Telfor(Pilan), 19.- Pierre Louis Frederic, 20.- Djud Kelyton Pierre, 21.- Rolls Lainé, 22.- Emmanuel Pierre (MannoBeats), 23.- Arly Larivière, 24.- Jude Jean.

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *