Bahamas: la communauté haïtienne méprisée, humiliée, écrit au président Jovenel Moïse

Bahamas: la communauté haïtienne méprisée, humiliée, écrit au président Jovenel Moïse

Ayiti-Diplomasi
Lèt tou louvri pou Prezidan Jovenel Moïse

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

Nassau Bahamas, dimanch 29 mas 2020

Nap salye Prezidan Jovenel Moïse ak tout ekip gouvènman an, patikilyèman Minis Afè Etranjè a Dr Claude Joseph ki anonse bonjan chanjman nan diplomasi ayisyèn nan, yon lot bò nap profite poze kèk gwo problèm ke kominote ayisyèn kap viv Bahamas la ap konfwonte depi kèk tan.

Son Ekselans,depi aprè pasaj siklòn Dorian nan peyi Bahamas kominote Ayisyèn nan lage de bwa balanse akoz ke Anbasad la ki ta dwe defann entèrè tout Ayisyen ki nan zòn nan,”jan atik 5 konvansyon vyèn 1963 etabli wòl misyon Diplomatik ak konsilè yo pa asime responsabilite l . pifò dokiman nou pèdi ak dega siklòn nan, kay nou kraze nan Freeport ak Abaco si se pat sipò ak bonkè gouvènman peyi Bahamas la ak sipò kèk lot òganizasyon lokal nou tout tap fin peri tèlman sitiyasyon an pabon pou nou nan peyi Bahamas, siklòn Dorian mete kominote ayisyen nan plat atè, malgre sa pèsonn pa di anyen, se komsi nou ta di nou pa reprezante. Menm nan zafè pou ede nou jwenn dokiman tankou batistè ak paspò ke chak grenn ayisyen bezwen pou fonksyone nan Bahamas anbasad la pa aji.

Ekselans, se nan radio Ayiti wi nou tande leta Ayisyen te voye 20,000 dola us pou te ka ede kominote a, se bèl bagay malerezman èd sa yo pat janm rive nan abri provizwa nou yo, nou toujou nan pase mizè pou nou jwenn yon paspò . Anbasad la ta dwe ede nou jwenn tout dokiman nou ta bezwen , men ta sanble Ayisyen ki Bahamas yo pa merite jwenn bonjan sèvis.

Plis pase 6 mwa siklòn Dorian pase nan zòn nan problèm nou yo pajanm chanje, fòk leta ta asiste kominote a pou rezoud kriz dokiman ke nou genyen nan zòn nan, sa pèmèt nou toujou an difikilte pou nou fonksyone akoz tout dosye nou yo ki bloke nan imigrasyon Bahamas. Dènye sa ki pase vandredi 27 mas la nan aswè nan Abaco simen dlo nan je nan kominote a kote imigrasyon debake nan yon abri provizwa yo arete yon pakèt konpatriyòt nou, si nou te genyen reprezantan vre nan Bahamas nou tap jwenn pi bon tretman ak sipò gouvènman Bahamas la, Lig Pastè yo, ak tout lòt òganizasyon lokal ki toujou kanpe pou ede nou.

Jan moun yo arete a, li pa lojik men sa ap toujou rive toutan se konsa nou reprezante. Jodia nou pa konen kisa ki pral pase moun sa yo koz problèm kowona viris sa a paske le yo ale pil sou pil nan sant detansyon an fòk reprezantan nou yo ta fe swivi ak leta bahameyen pou ede vi moun sa yo proteje.

Pou fini si leta ayisyen pa prese voye zye li sou Sakap pase Bahamas la pita ka pi tris paske konpatriyòt nou yo lage san reprezantan ,paske nou pa santi prezans yo ni lè siklòn Dorian te ravaje 2 zile ki te gen anpil konpatriyòt ayisyen, men kowona viris la ankò nan kò nou nou pa santi yo pirèd, aloske Bahamas se anglè yo pale e se pa tout ayisyen ki konprann anglè, yo te ka mete tèt yo ansanm ak otorite bahamas yo pou fè prevansyon kont maladi a yo ta tradwi an kreyol dokiman ofisyèl ki soti nan gouvèneman an epi itilize yon bon kanal kominikasyon senp e fasil pou sansibilize konpatriyòt yo sou dega sa ka fè,nan lide pou yo ka pwoteje tèt yo kont kovid 19 la ki se yon gwo menas pou mond lan e pou Bahamas kote konpatriyòt nou yo ap viv.

Mèsi davans ekselans Jovenel Moise paske wap panche sou ka sila yo ki lage nan Bahamas.
Yon salitasyon patriyotik nan Non kominote ayisyen an nan Bahamas.

Pou siyati:

Natacha Paul, Abaco
Rolmine Valsaint, Abaco
Assenie Orelien, Abaco
Mirline Decius, Abaco
Berline Mathurin, Abaco
Carline Louis Charles, Abaco
Estervene Guerda, Abaco
L’érosion Saint Luc, Abaco
Filibert Bereus, Abaco
Wilkens Decius, Abaco
Cerizia Francois, Abaco
Carlyne williams, Abaco
Wilzor Antoine, Nassau
Germaine mitchel, Nassau
Eunide Vital, Nassau
Lourby Georges, Nassau
Lunerce Petit toute, Nassau
James Saint Amour, Nassau
Wilmide Paul , Nassau
Jessie Pierre, Nassau
Laventure Boizin, Nassau
Previlas Elandieu, Nassau
Linda Danie Ulysse, Nassau
Petit Compere Evens, Nassau
Wallace Aldoph, Freeport
Fenide Doutilien, Freeport
Jeffrey Ducas, Freeport
Jean Vernère François, Freeport
Exantus Exatil, Eleuthera
Jules Antonio, Eleuthera
Wisler Augustave, Eleuthera
Afred Jacques, Eleuthera
Askalis F.Odilon, Eleuthera
Magalie Emile, Eleuthera
Marie A. Filemond, Eleuthera

Pou plis enfòmasyon kontakte
Wilmide Paul, Abaco 242-425-1842
James Saint Amour , Nassau 242-804-4056
Assenie Orelien, Abaco
242-432-4935
Exantus Exatil, Eleuthera
242-429-4688
Jeffrey Ducas, Freeport
242-812-7604

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *