Des citoyens s’engagent pour Haïti Conscients qu’après 33 ans de virage vers la démocratie Haïti peine à connaître le développement, des citoyens et citoyennes appellent à la construction d’un nouvel État.

Des citoyens s’engagent pour Haïti   Conscients qu’après 33 ans de virage vers la démocratie Haïti peine à connaître le développement, des citoyens et citoyennes appellent à la construction d’un nouvel État.

Pòtoprens 18 fevrye 2019

Pèp Ayisyen, Jenès Peyi D’Ayiti alawonbadè

Pwiske :

Nou reyalize apre 33 lane tranzisyon demokratik, Leta Esklizyon an bout,

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

Nou reyalize 7 fevriye 2019 tout moun te leve kanpe kont yon sistèm ki bout menm jan sa te pase tankou 7 fevriye 1986,

Nou reyalize ke lidè yo pa konprann apèl pèp la epi yo pa dakò fè depasman ni fè jefò ansanm,

Nou reyalize nou nan yon sitiyasyon eksepsyonèl kote elit yo an kriz, avni Repiblik la menase, koripsyon ak enpinite finn vòlè avni nou,

Nou reyalize politik yo depase, yo pa nan dimansyon kriz la; iresponsablite elit yo, fè yo paka chita ansanm pou sòti nou nan kriz la,

Nou reyalize gen yon gwo konplo kont lajenès, apre tout sa nou viv deja, yo vle ba nou gè sivil jounen jodi a,

Nou reyalize pwotagonis yo paka depase enterè pa yo, yon mannyè pou se enterè nasyonal la ki plase douvan. Yo pa konprann kriz la menm jan ak nou, yo pa konprann sistèm nan bout,

Nou reyalize yo ap prepare yon lòt okipasyon pou nou,

Nou reyalize nou paka avanse san nou pa antann nou sou yon lòt leta e ki dwe pou nou tout,

Nou reyalize ke nan vyolans anyen paka mache,

Nou reyalize nou rantre nan yon epòk ki vle moralizasyon vi piblik la ak pwogrè pou tout moun,

Nou reyalize nou menm jèn yo pa ka konte sou iresponsablite lidè vyolan ak kowonpi yo jiskaske yo pwouve nou lekontrè,

Nou reyalize se pa gouvènman ki pou ap plede chanje men se mòd Leta sa a ki dwe chanje,

Nou reyalize fòk gen lòt lidè ki emèje nan nouvèl dòn sa a e ki ka egzije rezolisyon kriz la ak chanjman konpòtman pwotagonis yo,

Nou deside angaje’n :

Pa gen wout pa bwa. Di djab bonjou lap manje ou pa di’l bonjou lap manje ou. Ayiti rantre nan yon lòt epòk. Tan tout voum se do a fini, tan leta se chwal papa a fini, tan yon ti gwoup ap souse majorite a ap jemi an fini, tan se nan vyolans pou tout bagay regle a fini, tan koripsyon ak enpinite taye banda a fini, tan enstabilite a fini, tan se letranje ki pou ap bann dikte a fini, tan kenn moun pa responsab la, tout moun koupab la fini ; tan konplezans ak inakseptab la fini ; tan gaspiyaj resous leta yo fini ; tan leta atè plat la revoli, tan pou gen yon ti gwoup moun ki gen kontwòl leta a fini.

Pa gen wout pa bwa nou menm kèk jèn nan jenerasyon konsyant lan, sak te nan politik, sak pat nan politik, nou menm kite konn kanpe dèyè lidè ki depase sa yo, nou menm ki pat janm vle angaje nou devan sèn nan, nou menm ke yo monte kont nou menm ankò ; jodi a, nou fè yon depasman epi reponn osekou peyi nou, nan kòmanse mete tèt nou ansanm, nan òganize jefò nou, pou nou asime reskonsablite nou, kise pa kite nou mouri pou peyi a pa chanje.

Pa gen wout pa bwa sistèm nan bout, menm jan pwotagonis yo pa ka geri malad la ak atitid manfouben yo a, ak vyolans sa a. Sitiyasyon an fè apèl ak nouvo angajman politik, jefò pou viv ansanm nou amelyore kondisyon lavi nou, jefò pou nou viv nan lapè ak nan bon jan demokrasi kote nou pa oblije touye youn lòt pou pouvwa.

Pa gen wout pa bwa 90% popilasyon an paka fè yon jou ankò deyò Pwojè Nasyonal la; kidonk fòk gen yon nouvo projè nasyonal ki chita sou zewo monopòl, zewo eksklizyon, zewo eksplwatasyon, zewo koripsyon ; sanpousan libète, sanpousan pwogrè pou tout moun.

Pa gen wout pa bwa fòk gen yon lòt leta ki kanpe. Yon leta ki ka idantifye nou, reprezante nou, pèmèt tout pitit peyi a jwenn manje, jwenn laswenyay, ledikasyon; yon leta ki ka pwoteje nou, asire nou, elve nou nan diyite, fè yo respekte nou ; yon leta ki ka pèmèt 90 pou san popilasyon an kreye richès ; yon leta ki pa bay ankenn moun privilèj odetriman yon lòt ; yon leta ki anlè tout moun san li pa oprese pèsonn, ki garanti libète chak moun. Lòt Leta sa a dwe tabli nan yon lòt konstitisyon. Lòt leta sa a dwe kòmanse sou bonjan legzanp, se pou sa pwosè Petwokaribe a dwe fèt.

Pa gen wout pa bwa fòk nou antann nou kounye la menm sou kijan demen ap ye pou nou ak pou pitit nou. Nou pa ka ekskli pèsonn men nou egzije yon nouvèl dòn ; nou angaje nou pou tout moun ka pwogrese nan rèv yo ak nan anbisyon yo, san se pa kraze nou oblije kraze youn lòt, sa vle di pwogrè nan libète.

Pa gen wout pa bwa nouvèl epòk sa a pa ka chita sou enstabilite ak fòm politik dilere sa a; nou lanse yon apèl solanèl ak jenès peyi d’Ayiti, isit kou lòt bò dlo ki kwè nan peyi nou toujou; ann reveye n, yo pap bay jenn gason ak jenn fanm plas sou tab la se pouse poun pouse yo pou nou pran plas nou; ann òganize nou, nouvo leta a se devwa nou, se reskonsablite pa nou e se kounye la menm, se pa demen.

Pou otantifikasyon :

1. Joseph Chanoine Charles

2. Phenil Gordon Desir

3. Louise Carmelle Bijoux

4. James Jacques

5. Judin Merveus

6. Faydi Celan

7. Alexandre Telfort Fils

8. Ismona Eugene

9. Wilfrid Gilles

10. Johnny Pierrelis

11. Pelex Flereme

12. Cenes Fleurant

13. Daniela Jacques

14. Mirlande Olivier

15. Claudy Jean

16. Robenson Jean-Claude

17. Helph Monod Honorat

18. Hantz Joseph

19. Jordan H. Verdule

20. Feland Jean

21. Eventz Leguerrier

22. Uguelin Jean-Baptiste

23. Louis-Jean Vixamar

24. Belijacques Saint-Cleris

25. Marcna Andy Pierre

26. Roudy Stanley Penn

27. Stanley Momperousse

28. Thony Louis

29. Yves Fritz Gerald Guerrier

30. Pierre Motler

31. Jean Junior Philistin

32. Desilien Pierre

33. Marie Danielle Pierre-Charles

34. Huguens Louis

35. Yves Bernard Remarais

Haiti 24
AUTHOR
PROFILE

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *