États généraux: Evans Paul démissionne du Comité

États généraux: Evans Paul démissionne du Comité

L’ancien Premier ministre, Evans Paul, a annoncé, ce , sa démission du Comité de pilotage des États généraux sectoriels de la nation.

L’ex-chef du Gouvernement vient d’allonger la liste des défections. Son retrait porte à quatre le nombre des membres qui ont tourné le dos à cette structure depuis sa mise en place par le Président de la République.

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

(Lire la lettre en créole)

Evans Paul demissione

Pòtoprens, jou 4 me 2018 la

Doktè Jean Claude Desgranges
Vis Prexidan Komhbite Pilotaj la

Onè Respè pou ou,

Onè Respè pou tout manm Komite Pilotaj la ak Sekretarya Teknik EGSN an.

Sa mwen viv nan 2 denyè jou ki sot pase yo, fè m konprann zafè Eta Jenewo Sektoryèl Nasyon an nan men yonn a 2 moun, ki fòme yon ti klan, k’ap pase karaktè lòt moun anba pye.

Sajès pa vle di egare. Mwen sezi, men mwen sitou konprann poukisa.

Mwen pase nan lakou plètil; mwen respekte lè moun onèt ap defann yon lide yo kwè. Men mwen konnen tou, lè yon moun ap pran pòz fou pou regle zafè l. Mwen konprann, lè moun kache dèyè swadizan konsiderasyon teknik pou fè jwèt mesken.

Konesans pa nan mannigans.

Mwen genyen ase pasyans,
pou m fè diferans ant divèjans ak remontrans..

Eta Jenewo Sektoryèl Nasyon
an, se pa kote pou pèsonn mennen ti politik vanjans pou plas nan Leta, paske sikonstans politik te fè yon moun ranplase yon lòt.

Leta gen chèf, li pa gen mèt.

Pa dwe genyen tandans patizan okenn klan, nan demach Eta Jenewo Sektoryèl Nasyon an.

Se domaj pou peyi a ak tout patriyòt sensè, ki ofri tan yo ak konesans yo, pou kore desizyon prezidan an ki chwazi nou.

Se ak anpil doulè, m’ap fè nou konnen, mwen chwazi rale kòm nan tout aktivite Eta Jenewo Sektoryèl Nasyon an.

Konpòtman ti klan reyisab k’ap
derespekte moun nan, oblije m pran desizyon sa a.

Men, menm a distans, m’ap toujou kore janm kapab, tout sa
n’ap fè, pou byen peyi a, nan Eta Jenewo Sektoryèl Nasyon an. Paske se yon bon chemen pou Ayiti.

Mèsi pou kolaborasyon nou.

Wout la long, men rezistans nou pi long. Tipa, tipa, si n mache, n a rive..

San fè polemik ni tapaj. M ap fè Prezidan an konnen desizyonm nan anvan lontan.

ANPIIL RESPÈ POU NOU TOUT.

Evans PAUL
Ansyen Konseye Espesyal EGSN

Haiti 24
AUTHOR
PROFILE

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *