« Les réfugiés haïtiens demandeurs d’asile aux États-Unis sont des porteurs du VIH/SIDA », déclare Donald Trump

« Les réfugiés haïtiens demandeurs d’asile aux États-Unis sont des porteurs du VIH/SIDA », déclare Donald Trump

L’ancien président américain, Donald Trump, s’est exprimé ouvertement sur l’arrivée massive des migrants haïtiens sur le sol américain qui demandent l’asile. Après avoir qualifié Haïti et les pays africains de “pays de merde” lors d’une réunion avec un groupe bipartite de sénateurs à la Maison Blanche, Donald estime que les Haïtiens ont probablement le VIH/SIDA.

Barbancourt

le rhum des connaisseurs

L’ex président républicain a déclaré que les demandeurs d’asile souhaitent la mort pour le peuple américain. Il a fait cette déclaration lors de sa participation à l’émission de Sean Hannity sur Fox News lorsqu’il a été interrogé sur les protocoles de test de Covid-19 pour les réfugiés.

Il a ensuite fait plusieurs allégations infondées à l’encontre des immigrés haïtiens présents aux USA. Il et a même parlé d’un complot concocté par d’autres pays contre les États-Unis.

3 commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *

3 Commentaires

  • Antoine Langomier
    9 octobre 2021, 02:02

    Se zafe peyi kap pale, Donald Trump pa nan santiman menm jan J. Biden pat nan rans nan voye Ayisyen yo tounen san okenn fom. Sa te revolte anpil moun nan administration Biden. Nou konn res la, Daniel Foote ak Harold Koh te Vekse Anpil, yo demisyone. Pa gen yon fatra nan responsab Ayisyen yo kite leve ti dwet yo. Yo peyi d Ayiti ki enfeste avek gang, yon nome Ariel Henry te di y ap vini lakay yo.

    Peyi Donald Trump se pou li, li ka di sal vle. Donald Trump, Biden…ak Obama pa nan santiman ak emosyon neg kap kraze peyi yo ak nan fe l tounen "Shithole."

    Nou menm depi 35 lane nou Kanpe sou Bit nan fe santiman ak emosyon neg. Gade sa a: banm mesi JB Aristide, banm marasa Rene Preval, banm chawony mwen Martelly, banm neg bannann nan Jovenel Moise. Kounye a nou gen tan tonbe nan banm manman m Martine Moise. Nan yon kondisyon konsa, se "Shithole" menm pou Ayiti tounen.

    Donald Trump gen dwa di sal vle. Se Ayisyen pou ki pran desten yo anmen. Se domaj, yon Jovenel Moise pat fouti tounen yon PAUL KAGAME. Se fasilite li te fasilite Ayisyen yo nan fe yo jwenn paspo’ Rapido Presto pou yo ateri Bresil…ak Chili. Epi kek lane apre, pou reve’ anba pon Del Rio Texas la.

    Tankou ekriven Michel Soukar ta di, Donald Trump avek anpil lot parey li yo pa ipokrit karesan…

    Obsevatwa Zafe Ayisyen ak Lotbodlo

    REPLY
    • JISTIS POU AYITI@Antoine Langomier
      12 octobre 2021, 21:11

      JISTIS POU AYITI,
      Se avèk pawol sa nou pral pote plent devan Tribinal intènasyonal Jistis la, pi gwo Tribinal intènasyonal ki gen nan mond lan sou koze asasina chef leta peyi Dayiti a nan dat 7 Jiyè 2021. https://www.icj-cij.org/en Pou bon jan envestigasyon fèt e jije tout konplis yo nap mete anba kòd kabinè prezidan an ak sekirite prezidansyèl la. Nap mete anba kòd chèf opozisyon gouvenman an ak tout akolit li yo, epi nap mande retire iminite tout prezidan lòt peyi yo ak diplomat yo ki patisipe nan konplo a pou yo vin reponn kesyon lajistis nan lakou siprèm Intènasyonal la. Lemond konnen nou se pitit 1804, yo jalou e yo vle elimine nasyon an, yo vyole souverennte nasyonal la plizye fwa, e fwa sa yo ale two lwen, donk nou revolte. Sonje Linite te pèmèt Ayiti libere anba esklavaj, malerezman divizyon lakòz yo asasine chèf leta peyi a, kidonk annou pran konsyans jodi a menm, annou ini nou yon lòt fwa ankò annou mobilize pou nou jwenn Jistis pou Ayiti devan Lakou Siprèm Intènasyonal la ki ka rezoud dosye lanmò prezidan an epi fè tout lòt peyi ki patisipe nan krim sa peye sa yo fè a epi dedomaje Ayiti, se konsa nap trase yon egzanp devan lemonnantye pou derespektan sa pa janm refèt ankò.
      JISTIS POU AYITI !

      REPLY
      • Antoine langomier@JISTIS POU AYITI
        16 octobre 2021, 23:32

        @ JISTIS POU AYITI,
        Mwen pat we sa, mwen tap reponn ou deja lontan. Mwen kwe ou konn koute chanson atis Manno Charlemagne la, "oganizasyon mondyal yo se pa pou nou ye…" Sa vle di se pou met late yo ye. Gade egzanp sa a, Kou Penal Entenasyonal (CPI oswa KPE) la pou jije dirijan kriminel neg nwe nan peyi Afrik yo ak kek kriminel nan peyi ewop dezyem zon. Sou kwe m manti al mande prokire Fatou Bensouda (Ganbyenn). Tout lot dirijan lot nasyon ki fe krim lage ak krim kont limanite, bwa CPI pa ase long pou rive sou yo. Gen yon peyi ki menm te rive mete Fatou Bensouda sou yon lis nwa. E si Bensouda te gen Kob nan peyi sa a, li pat fouti pran l. Se domaj, mwen paka di w si Antony blinken mache sou tras Mike Pompeo (Le Monde avec AFP, LE 2 SEPTEMBRE 2020).

        Koze, "bon jan envestigasyon…," pa bay tet ou manti, ou byen konnen se Voye Monte. Nan kad sistem nan, tankou Jean Leopold Dominique, Mireille Durocher Bertin, Brignol Lindor, Nehemie Joseph, Vladjimir Legagneur, Mari- Christine Jeune, Diego Charles, Evelyne Sincere, Guiteau Toussaint, Manes Monchery et famille, Antoine Leroy, Marie Antoinette Duclair…, Gregory Saint-Hilaire, Monferrier Dorval; Jovenel Moise mouri pou twou je l. Li pap janm jwenn jistis. Sou bagay yo rele demokrasi a, lis viktim yo long. Jounalis kite nan sipote fo demokrat marasa Aristide/Preval ak alye yo, te dwe wont pale de diktati Duvalier yo…

        Se pa lemond ki vle elimine "nasyon" an. Se pito peyi kite gen esklav lakay yo plizye dizenn lane apre 1804. Peyi sa yo met kontinye itilize kolon nwa kont 1804, yo pap janm rive atenn objektif yo. Sa pou yo konprann, yo met kontinye fe Ayiti tounen Ranyon, 1804 pap janm efase nan listwa limanite!!!

        Ann di verite a jan l ye ya, se dirijan avadra yo ki fe yo vyole souverente nasyonal la nan gen foli diktate, fe divizyon ak trayizon. Pou derespektan voye yon lot JB Aristide an egzil ak asasinen yon lot Jovenel Moise pa janm fet nan peyi a anko fok sistem nan Kaba. Sa pou konnen, se sistem nan ki pwodui mod pwezidan sa yo. E sistem nan ki toujou mete yo andewouj le yo kite limit yo.

        Ayiti ap jwenn jistis li le pitit pitit esklav yo sispann tochonnen l ak mete dlo nan moulen nasyon ki rayi 1804.

        Obsevatwa Zafe Ayisyen ak Lotbodlo

        REPLY