« Makaya » oubyen « fèy nan bwa » : Premye edisyon nan BNE

« Makaya » oubyen « fèy nan bwa » : Premye edisyon nan BNE

Biwo Nasyonal Etnoloji òganize premye jounen Makaya nan jaden espektak li, mèkredi 20 desanm 2023 a.
Ekspozisyon atizanal, beny, mizik, dans ak chante Makaya, se ansanm aktivite ak pratik kiltirèl ki kouronnen premye edisyon sa a.

Barbancourt

le rhum des connaisseurs


Plizyè atis atizay tankou Atòs vèvè ak youn nan zèv li « Dekapite », atizan Sony ki reprezante « atelye potri ravin sèch nan Latibonit », estaf « Schnai creation » ak « Diamond collection », fè prezans yo tou.

Saritha youn nan sekretè biwo Laboratwa syans pèp la pa t kache konesans li sou Makaya ak Haïti24 : «Makaya vle di Nwèl nan lang vodouyizan. Makaya reprezante fèy nan bwa. Se yon rityèl ayisyen ki marye nanm moun ak bon enèji nan benyen ak fèy lanati. Makaya reprezante fòs ak rèvèy konsyans nasyonal nan kilti nou ».

Direktè jeneral Biwo a, Erol Josué, bò kote pa li fè yon gwo ralemennen vini sou istwa Makaya ki tanmen ak peryòd endijèn lan pou bout sou fèy. Yon reyalite kache, ki chita nan nannan kilti peyi d Ayiti, ak yon ansanm konesans sou rasin vodou.


Li ale pi lwen pou l di konesans fèy sa a, Makaya, chita sou yon konstui natirèl ak espirityèl nan refè ak geri moun. « Bwa kaka, 3 pawòl, dèyè do, kolezo », se 4 pami fèy nan bwa ki egziste nan vodou a ki pa t pase enprevi nan diskou li.

Laisser un commentaire

Votre adresse électronique ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont marqués d'un *